Header Ads

Breaking News
recent

POU OU




Pou ou m dekri latè 
San m pa la jewografi 
M prè pou mwen fè lagè 
E pou m leve tout défi
Mwen tap bati yon grat syèl 
Anlè nèt mwen tap bouchew 
Paske ou se yon zanj nan syèl 
M pa  vle pou pyes moun touchew .

Pou ou m  priye sen pyè
Pou ou m priye sen pòl 
Pou ou m prouvew lanmoum
M'ap pran syèl la kòm senbòl 
Lè zyew tonbe nan zyem 
MPa konn sim asyet,sim bòl
E chak fwa ou souri 
Mwen pa gen tèt sou zepòl.
                    SHADDSENN PAUL DESTIN

Aucun commentaire:

Présenté par Blogger.